Devosyon kadanse lapèl zansèt Ayiti


                    

Nan devosyon kadanse lapèl zansèt Ayiti, nou jwenn pi gran memwa ki egziste; memwa kò nou, memwa san nan zantray nou. 


Nou dwe konprann ke tradisyon kadanse nou se yon eleman fondamantal nan tout kilti toupatou nan lemonn. Pèsòn pa dwe sezi tande pwisans enèji kadanse nou kenbe.

Nou mèt vire l jan n vle, rejte l, aksepte l, bliye l, demonise l, onore l, li ret la tankou tout verite; yon evidans. Tout moun ki branche sou evidans sa a, ki pran vibrasyon devosyon kadanse tradisyon nou, kadanse esans sakre nou, touche yon nivo konsyans ekstraòdinè.

Devosyon kadanse lapèl zansèt Ayiti sou chemen jwenn lonbrit rasin nou ak memwa san nan zantray nou

''Bay kou bliye, pote mak sonje'' 

 ~  Pwovèb kreyòl

Mwen se pitit imigran ane 70 yo nan Kanada.

Se nan devosyon pou tradisyon kadanse lapèl zansèt Ayiti mwen vin jwenn chemen lonbrit rasin mwen.

Nan chèchè lavi miyò, papa m ak manman m sanble konprann ke tout sa ki pa yo menm miyò pase yo. Antouka, se mak sa yo kite pou mwen.

Men... Ay ya yay... kè m revòlte, kò m revòlte !

Mwen vin konprann ke sa n ap chèchè ak tout nanm nou se sa nou jwenn. 

Konsa, mwen jwenn ak memwa kouche nan liv. Mwen jwenn ak medam k ap chèchè sa ki pa yo tankou mwen. Nou rasanble. Nou mete nou sou chemen lakonesans.

Nou jwenn ak yon dam, Dulia Berthaud, ki gen konsyans valè kilti nou epi ki gen jenerozite transmèt nou tout sa li kapab nan tradisyon kadanse Ayiti.

Kò mwen reponn prezan. Nanm mwen reponn prezan.

Mwen kadanse ak tout fyèl zantray mwen lapèl tradisyon zansèt Ayiti ki plante rasin yo nan filozofi Vodou.

Chèchè konnen, chèchè konprann

Nan chèchè konnen ak chèchè konprann, mwen leve dra sou siyifikasyon chak rit mwen jwenn pou mwen sa dekouvri lespri yo ti mòso pa ti mòso.

Richès sila, pou byen konnen li, pou byen konprann li epi byen layite li, se travay tout yon vi, se travay sou plisyè jenerasyon...

Mwen mete kouraj mwen devan pou m bwote nan espas sila a enèji vital ki nan san nan zantray mwen ak tout sa m ap jwenn nan chèchè konnen.

Mwen angaje m pou m pataje lakonesans mwen sou kadanse nou ak reyònman yo nan tout kilti sou planèt la. Se sous byennèt natirèl pou nou pa janm neglije. 

Mwen envite nou tout pataje defi kadanse esans nou.  

Devosyon kadanse lapèl zansèt Ayiti

♥ Chimen limyè sa, sou ritm mouvman revolisyon kiltirèl kadanse nou pou nou evolye ak entegrite esans sakre nou, se pou ou! ♥

Pataje vèvèy defi prezans total ou pou konkèt tèt ou. Depoze kadanse w!

Depoze w. Pale ak rit pawòl kè ak kò w, jan w pito...

Rakonte eksperyans, fòs, angajman, lanmou ak lajwa w.

Pataje vèvèy, viktwa, defi prezans total ou pou konkèt tèt ou, depoze kadanse w...

♥ Chimen limyè sa, sou mouvman revolisyon kadanse nou pou nou evolye ak entegrite esans sakre nou, se pou ou! ♥

Wè sa nou deja pataje...

Kenbe kontak...

* enfòmasyon nesesè
mail fòma

ONÈ ! Mwen se Tilarenn Solèy!
Nou nan pataj sou byennèt inivèsèl ak verite lasante epi entegrite diyite nou.

Nou jwenn sa nan pwisans konsyans nou se gadyen esans sakre kadanse nou, sou ritm mouvman revolisyon kiltirèl pran swen tèt nou pou konkèt tèt nou.

Se mouvman revolisyon kiltirèl kadanse nou sou ritm respè, je klè epi entegrite ekilib nou ki toujou ap fèt alawonnbadè.

Nou se youn ak kadanse latè, linivè epi lenfini.

Nou tout kadanse lavi ak tout bagay, tout kote epi tout moun. Kadanse w se mouvman. Mouvman se lavi.

Mouvman revolisyon kiltirèl kadanse nou sou ritm esans sakre nou ak pwisans prezans total nou se sous pi byen viv alawonnbadè depase tan.

Fokis Enèji lavi mwen pou nou: Kadanse sou ritm respè, je klè, ak entegrite ekilib nou ki toujou ap fèt alawonnbadè, alenfini.


Onè Nana nou yo! Onè Baba nou yo! Onè Zansèt nou yo! Onè Legba! 

Pou nou louvri pòt pou ede nou mete tout baryè atè, pou ede nou nouri kannal bon jan kominikasyon pozitif.

Pou nou ede nou bay kominote nou otonomi pou nou toujou grandi ak pasyon fè epi refè ekilib lavi a.

Pou nou ede nou soutni epi enspire kominote moun ki toujou kanpe djanm pou nou kadanse sou ritm respè, je klè epi entegrite ekilib nou ki toujou ap fèt alawonnbadè.

Pou nou ede nou pou nou toujou edike tèt nou pou nou vibre ak fòs esans sakre nou.

Pou nou ede nou soutni kominote nou nan respekte esans sakre nou ak pwisans swen tèt nou pou konkèt tèt nou.

Pou nou ede nou pou nou toujou konpayon ki merite konfyans epi toujou kenbe angajman nou djanm ak verite esans sakre nou.

Pou nou ede nou konprann tèt nou toujou pi byen pou nou pa janm viv ak laperèz.

Pou nou ede nou vwayaje ak kè leje kote pou nou aprann kadanse toujou plis sou ritm respè, je klè, epi entegrite ekilib nou ki toujou ap fèt alawonnbadè.

Pou nou ede nou louvri chimen pou pitit fi ak pitit gason nou toujou viv ak amoni kè ak nanm, kò, tèt ak lespri yo.

Konsa n ap jwi richès lavi a ak entegrite diyite nou epi kite eritaj abondans, revolisyon kadanse nou sou ritm respè, je klè epi entegrite ekilib pwisans gadyen esans sakre kadanse nou ki toujou ap fèt, pou tout jenerasyon, alawonnbadè.