Nou se Youn pou nou soutni limyè youn pou lòt solid!


                    

 Namaste! Ase! Ayibobo! Udjahee!

"Kè mwen onore kè ou.

Mwen onore nan ou kote tout linivè nan plas li. 

Mwen onore prezans ou, entegrite, detèminasyon grandi w, limyè, lanmou, laverite, lajwa ak belte serenite andan w, paske yo andan m tou.

Nan pataje tout sa, nou se youn.

Nou ini ak enèji lavi."

PyeBwaLavi.png

Nou ka toujou la, youn pou lòt, ak enèji pozitif kè, kò, tèt, lespri ak nanm nou pou nou bati tèt ansanm (egregò) lanmou, respè, lajwa, ekilib ak entegrite.

Menm jan ak enèji rasin Pye Bwa Lavi a, jan nou parèt se jan nou pran rasin andedan tankou deyò.

Pi piti ninik enèji lavi toujou file sou tout kouti tout tan.

Menm jan ak enèji rasin Pye Bwa Lavi a, mwen se oumenn epi tout moun epi tout bagay.

Mwen se oumenm epi tout moun ki vin konekte avèk nou, yon jan ou yon lòt, pre tankou lwen.

Eske w kwè nan abondans avèk lanmou epi entegrite, amoni konsyans mouvman nou, konpreyansyon pwofondè pwòp tèt nou, atravè ekilib nan mouvman nou, respè nan rapò nou youn ak lòt epi kilti byennèt kè, kò, tèt, lespri ak nanm nou?

Se konsa mwen wè aklè, mwen menm avè w, chak jou ak plis fòs.

Nou viv, n ap kadanse epi n ap pran rasin jan lide nou ale. Se yon lwa fondamantal lanati. Nou fè pati lanati.

Chak ti mòso pawòl nou pataje, se yon eleman kle nan fondas pye bwa lavi nou k ap boujonnen oubyen yon pousyè zetwal k ap klere chemen an pi plis toujou.

Nou kapab kreye lakou byennèt ak richès pou tout jenerasyon, kare pou nou tout kadanse revolisyon lanmou, respè, lajwa, ekilib ak entegrite anfòm total kapital.



Revolisyon kadanse lanmou, respè ak lajwa, ekilib ak entegrite verite kè ou

Lè w konprann li byen, esans kadanse lanmou, respè ak lajwa, entegrite konkèt tèt ou kenbe pouvwa revolisyon espirityèl, kiltirèl, sosyal, politik epi ekonomik.

Tout sa ou bezwen tou pre andan ou pou w toujou kenbe ekilib boulòn ti katkat nou.

Tou pre pou w rekonèt pwisans kadanse esans sakre ou.

Tou pre pou swen tèt ou ki fè w dibyen jouk nan zantray.

Tou pre pou w entegre vitalite prezans total ou ak konsyans ou se gadyen esans sakre kadanse nou.

Nou nan senplisite tout sa ki otantik ak zòrèy atantif. Nou nan senplisite alekout ak kè leje epi kè sensè.

prezan, appresye, entegre

Nou se youn lè nou prezan, nou aprann apresye epi entegre pwisans enèji lavi nou ki konekte ak linivè. Se baz vibrasyon nou pou byenèt nou emosyonèl, fizik, espirityèl. Se baz pou nou tabli valè sosyal epi ekonomik djanm pou tout jenerayon.

Nou se Youn pou nou bay youn lòt limyè

Ou bezwen kadanse revolisyon lanmou, respè ak lajwa, ekilib ak entegrite absoliman pou w kanpe ak amoni esans sakre kadanse nou alawonnbadè.

Konsyans nou se gadyen esans sakre kadanse nou mennen limyè k ap klere lwen. Pye bwa lavi nou ap pouse epi boujonnen ak vibrasyon esans sakre nou tandike rasin nou ap vin pi solid. 

Nou se youn pou nou rekonèt byenfè kadanse prezans total nou menm nan chemen ki pa toujou deja trase.

Nou se youn pou nou kadanse esans sakre nou pou kè nou vibre ak lajwa prezans total nou nan tout aspè lavi nou.

Nou se youn pou nou viv chalè chak moman chaje ak pwisans esans nou, prezans total nou, ekilib ak entegrite alawonnbadè.

Annou tabli lakou byennèt ak richès entegrite, yon moun alafwa, toujou konsekan nan tout nivo...jwèt timoun chaje ak lanmou!

Kijan nou vanse mouvman revolisyon lanmou, respè ak lajwa, ekilib ak entegrite tèt ansanm (egregò) ki mennen byenèt verite lasante?

  1. Itilize fòs byenfè kadanse esans sakre w pou tabli baz ak kè fondasyon byennèt kè, kò, tèt, lespri ak nanm ki solid, depase tan.

  2. Pran konsyans ke sa ki toujou nan lespri w, se sa w ye epi se konsa w ap evolye.

  3. Manbre kè w pou w pran opòtinite ak entegrite epi bati lidèchip ak bon jan ekzanp.

Kadanse esans ou ak fòs gadyen esans sakre kadanse nou, pwisans vital enèji sakre w epi kle metrès prezans total ou.

Ou se yon eleman k ap ede Mouvman Revolisyon Gadyen Esans Sakre Kadanse Nou boujonnen.

Nou gen 20 ane nan kouti. N ap bati fondasyon Mouvman Revolisyon Gadyen Esans Sakre Kadanse Nou sou baz yon mouvman solidarite entènasyonal ak valè ki ankre nan respè tèt nou, lanati epi linivè.

Tankou siwo rale myèl, yon menm vibrasyon pou rale nou tout.

Vibrasyon sila a, se lanmidon lakòl pou kenbe nou ansanm djanm, solidè, nan tout sa n ap fè.

Vibrasyon sila a, layite nan tout kè nou, anndan nannan nou, nan fon zantray nou.

Vibrasyon sila a, se fòs pou nou sanble kouray nan menm dyakout, kole zepòl pou tabli, vanse, pwogrese, fè reyònnen, manifeste tout fòs gadyen esans sakre kadanse nou, bèlte, enèji, ki lakay, nan zantray nou.

Vibrasyon sila a, se pou nou pataje, pou nou soutni youn lòt, li pa dwe ret antere, gaspiye...

Nou se souf lavi lè nou kadanse esans sakre nou kè nou leje...

Nou se Youn pou nou soutni limyè youn pou lòt solid! Namaste! Ase! Ayibobo! Udjahee! 

♥ Chimen limyè sa, sou ritm mouvman revolisyon kiltirèl kadanse nou pou nou evolye ak entegrite esans sakre nou, se pou ou! ♥

Pataje vèvèy defi prezans total ou pou konkèt tèt ou. Depoze kadanse w!

Depoze w. Pale ak rit pawòl kè ak kò w, jan w pito...

Rakonte eksperyans, fòs, angajman, lanmou ak lajwa w.

Pataje vèvèy, viktwa, defi prezans total ou pou konkèt tèt ou, depoze kadanse w...

♥ Chimen limyè sa, sou mouvman revolisyon kadanse nou pou nou evolye ak entegrite esans sakre nou, se pou ou! ♥

Wè sa nou deja pataje...

Kenbe kontak...

* enfòmasyon nesesè
mail fòma

ONÈ ! Mwen se Tilarenn Solèy!
Nou nan pataj sou byennèt inivèsèl ak verite lasante epi entegrite diyite nou.

Nou jwenn sa nan pwisans konsyans nou se gadyen esans sakre kadanse nou, sou ritm mouvman revolisyon kiltirèl pran swen tèt nou pou konkèt tèt nou.

Se mouvman revolisyon kiltirèl kadanse nou sou ritm respè, je klè epi entegrite ekilib nou ki toujou ap fèt alawonnbadè.

Nou se youn ak kadanse latè, linivè epi lenfini.

Nou tout kadanse lavi ak tout bagay, tout kote epi tout moun. Kadanse w se mouvman. Mouvman se lavi.

Mouvman revolisyon kiltirèl kadanse nou sou ritm esans sakre nou ak pwisans prezans total nou se sous pi byen viv alawonnbadè depase tan.

Fokis Enèji lavi mwen pou nou: Kadanse sou ritm respè, je klè, ak entegrite ekilib nou ki toujou ap fèt alawonnbadè, alenfini.


Onè Nana nou yo! Onè Baba nou yo! Onè Zansèt nou yo! Onè Legba! 

Pou nou louvri pòt pou ede nou mete tout baryè atè, pou ede nou nouri kannal bon jan kominikasyon pozitif.

Pou nou ede nou bay kominote nou otonomi pou nou toujou grandi ak pasyon fè epi refè ekilib lavi a.

Pou nou ede nou soutni epi enspire kominote moun ki toujou kanpe djanm pou nou kadanse sou ritm respè, je klè epi entegrite ekilib nou ki toujou ap fèt alawonnbadè.

Pou nou ede nou pou nou toujou edike tèt nou pou nou vibre ak fòs esans sakre nou.

Pou nou ede nou soutni kominote nou nan respekte esans sakre nou ak pwisans swen tèt nou pou konkèt tèt nou.

Pou nou ede nou pou nou toujou konpayon ki merite konfyans epi toujou kenbe angajman nou djanm ak verite esans sakre nou.

Pou nou ede nou konprann tèt nou toujou pi byen pou nou pa janm viv ak laperèz.

Pou nou ede nou vwayaje ak kè leje kote pou nou aprann kadanse toujou plis sou ritm respè, je klè, epi entegrite ekilib nou ki toujou ap fèt alawonnbadè.

Pou nou ede nou louvri chimen pou pitit fi ak pitit gason nou toujou viv ak amoni kè ak nanm, kò, tèt ak lespri yo.

Konsa n ap jwi richès lavi a ak entegrite diyite nou epi kite eritaj abondans, revolisyon kadanse nou sou ritm respè, je klè epi entegrite ekilib pwisans gadyen esans sakre kadanse nou ki toujou ap fèt, pou tout jenerasyon, alawonnbadè.