Pawòl la pale; enspirasyon pou nou vanse mouvman revolisyon kiltirèl kadanse nou, 153+ lide ak pwovèb pou ou lè w bezwen


                    

Pawòl la pale enspirasyon pou nou vanse mouvman revolisyon kiltirèl kadanse nou ak pwisans enèji lavi nou pou nou pi byen viv esans prezans total nou


Se mèt kò ki veye kò

Ak pasyans, n'ap rive jwenn tete foumi
 ~  pwovèb kreyol

Mache epi chemen va louvri
 ~  Pwovèb Zen

Pa blye, solèy la malgre li konn wout la, sa pran'l tout yon jounen pou'l rive janbe syèl
~  Serge Madhère

Isit la, nou pran enspirasyon pou nou vanse mouvman revolisyon kiltirèl pou nou pi byen viv ak prezans total nou, pou nou kadanse toujou pi byen esans sakre nou kè ak nanm, kò, tèt ak lespri nou.

Pawòl la pale; enspirasyon pou nou vanse mouvman revolisyon kadanse nou, moman majik, pwovèb, eksperyans, lide ak obsèvasyon moun tout kote, tout metye, toujou nan bon moman pou ou.

Pawòl la pale; eksperyans pou enspire w epi pran plis fòs. Yo touche nou ak senp verite yo, sètoblije finès yo.

Mete w alèz pou w resevwa epi pataje chalè bèl vibrasyon, enspirasyon pou nou vanse mouvman revolisyon kadanse nou ak moun pa milye ak milyon toupatou sou latè, pou nou louvri chemen egregò lanmou, respè ak lajwa, ekilib ak entegrite ak tout kè, tout lespri nou.

Imajine w…

Pawòl la pale enspirasyon pou nou vanse mouvman revolisyon kiltirèl kadanse nou dapre otè a



Paj sa a se kontinwyte Pawòl la pale enspirasyon pou vanse mouvman revolisyon kadanse nou ki achive sou pawòl kadanse nou / citations de danses / dance quotes 

Imajine vibrasyon enèji tout pawòl enspirasyon sa yo nan kè ak lespri nou

Pawòl la pale; enspirasyon pou nou vanse mouvman revolisyon kiltirèl kadanse nou, pou nou swiv kouran enèji lavi nou pou byennèt kò fizik nou, estim ak konkèt tèt nou, aksyon nou, reyalizasyon nou, pozisyon nou pou anviwònman nou epi menm kase kòn anpil patoloji ak estrès, depresyon, epsikoz epi fatig ak epwizman moral.

Pran tout fòs chak mo

Apresye kijan pawòl la pale pou chak mo ede nou pran rasin epi ede nou grandi tou, pou favorize ekilib ak entegrite kè ak nanm, kò, tèt ak lespri.

Fòs rit mo yo fòme melodi enèji fondamantal bon konprann nou.

Pèmèt ou angaje w nan chalè ak maji chak mo nan pawòl enspirasyon sa yo pou nou vanse mouvman revolisyon kiltirèl kadanse nou sou chemen kadanse tout fòs pozitif enèji lavi nou.



*♥ Lyen yo rale referans nan lang kreyòl osnon nan lang ki pi aksesib lè nou pa jwenn kreyòl la

Pawòl la pale; enspirasyon pou nou vanse mouvman revolisyon kiltirèl kadanse nou nan kilti Meritah (Afrik)

Amel Tafsout

Kadanse nou se koneksyon lavi ak lanati, kote fanm se lanati, nònm se lezòm
 ~   Amel Tafsout

Amel Tafsout fèt nan peyi Aljeri kote li grandi ak tradisyon mizik epi kadanse peyi a. Amel kadanse tradisyon Afrik Dinò ak Maghrèb kontanporen depi plis pase 40 lane. Antropoloji ak espirityalite pran esans nan pèfòmans li epi travay li kòm dansè, koregraf ak mèt. *

Wangari Maathai

Kilti montre kilés nou ye epi kijan nou wè tèt nou. Yon vizyon tounèf pou lanati bay espas yon vizyon tounèf pou kilti ak wòl li jwe nan devlopman ki djanm pou tout jenerasyon
~  Wangari Maathai

Wangari Maathai fèt nan peyi Kenya. Li resevwa onè Pri Nobel Lapè nan ane 2004. Li se yon kokenn aktivis ki kòmanse defann dwa pèp Kenya sitou dwa fanm nan plante pye bwa pou revitalize lanati, pa ekstansyon ede kominote li ak tout peyi a deplwaye revolisyon prezans total nou ak tout kapasite yo. *

Pawòl la pale; enspirasyon pou nou vanse mouvman revolisyon kadanse nou nan kilti Afriken ameriken

Alice Walker

Tan difisil mande pou mare ren kadanse pi rèd  
~  Alice Walker

Alicia Graf Mack

Diferans ant yon atlèt ak yon dansè,
se ke nou se atis tou...
 ~  Alicia Graf Mack | dansès,  Alvin Ailey American Dance Theatre

Chuck Davis

Pou konprann kilti li, etidye jan li kadanse. Pou konprann kadanse l, etidye pèp la.
 ~  Chuck Davis | dansè,  koregraph, African American Dance Ensemble

Maya Angelou

Ou ka ekri, desann mwen nan listwa ak manti kòde anmè kou fièl. Ou ka foule m nan fon tè. Toujou, menm jan ak pousyè, mwen leve... 
~   Maya Angelou | Still I Rise

Degaje se inpòtan, depasman se elegans
~  Maya Angelou  | Just Do Right

Yon fanm an akò ak lespri l, se tankou larivyè k ap desann... li pran chemen l san pretensyon epi li rive kote pou li rive, pare pou li mèt tèt li, san kondisyon
~  Maya Angelou  | Just Do Right

Tout bagay nan linivè gen kadans. Tout kadanse. 
~  Maya Angelou  | Just Do Right

Rolanda Allaha Wilkins

Nanm mwen bezwen kadanse pou li viv 
 ~  RoLanda Allaha Wilkins 

The Baron Son

Pèsepsyon yon moun se reyalite l 
 ~  The Baron Son

Pawòl la pale; enspirasyon pou nou vanse mouvman revolisyon kadanse nou nan kilti Amerik dinò

Anna Halprin

Kòm nou touche sous sajès kò nou ak ekspresyon nou nan kreye atizay, nou kadanse renouvèlman, rekreyasyon ak gerizon tèt nou epi lemonn 
 ~  Anna Halprin | dansè / koregraf 

Bob Dylan

Moun ki pa ka renouvle nesans li ap pare lanmò li 
 ~  Bob Dylan | mizisyen

Elizabeth Gilbert

Sispann mete zo rèl dezirad kote zo rèl do nou dwe djanm
 ~  Elizabeth Gilbert  |  Eat, Pray, Love 

Kairos Alive

Li difisil pou w rete kole lè ou anmouvman
~  Kairos Alive (Kairos Dancing Heart / Choreography of Care)

Perfect School

Kadanse nou se nanm nou k ap deplase ak kò nou. Mouvman lakòz panse sikile epi pran fòs!
 ~  Perfect School 

Souverains Anonymes

San nou koule pou fè zot yo konprann ki lès nou ye... ki sa nou pese... nou fè sila ki te anba kòd pran chemen libète...
~    Renèl Souverains Anonymes | video - 17:26)

Pawòl la pale enspirasyon pou vanse mouvman revolisyon kadanse nou nan kilti Amerik disid

Rolando Toro

Kadanse aktive santiman fòs lavi k ap ponpe nan venn nou 
~  Rolando Toro, à l'origine de la Biodanza

Pawòl la pale; enspirasyon pou nou vanse mouvman revolisyon kadanse nou nan kilti Aziatik

Pwovèb Zen

Mache epi chemen va louvri
~  Pwovèb Zen

Pawòl la pale enspirasyon pou vanse mouvman revolisyon kadanse nou nan kilti Endijèn

Heremoana Maamaatuaiiahutapu

Figu nou ak lang nou pa menm, men lè ou kadanse ou gen menm lè ak pèp mwen 
 ~  Heremoana Maamaatuaiiahutapu (Polinezi kilti)

Lakota Prayer

Gran Mistè, aprann mwen fè kè m konfyans, fè entwisyon m ak kò m ak benediksyon lespri m konfyans. Anseye m gen konfyans nan bagay sa yo pou mwen ka antre nan espas sakre m epi renmen depase lakrentif. Konsa, pou mwen mache ak ekilib epi laglwa chak solèy leve.
~  Lakota Prayer

Pawòl la pale; enspirasyon pou nou vanse mouvman revolisyon kadanse nou nan kilti Endyen

Osho

Kreyativite se pi gran rebelyon nan egzistans
~  OSHO

Shannon Thunderbird

Tanbou se batman Kè limanite  
~  Shannon Thunderbird

Rumi

Kadanse, se lè ou chiré kè w deyò epi... sòti kò w pou kwoke l nan tout dimansyon lemonn 
~  Rumi 

Pawòl la pale; enspirasyon pou nou vanse mouvman revolisyon kadanse nou nan kilti Ewòp

Albert Einstein

Dansè se atlèt Bondye
 ~  Albert Einstein

Daniel Pons

Pa esaye konprann jeni ou, Chante Kadanse epi Ri an akò ak li     
~ Daniel Pons (LE FOU ET LE CRÉATEUR)

Françoise Dolto

Pran konsyans se zafè kò 
~  Françoise Dolto  |  psykyat, psykanalis (L'IMAGE INCONSCIENTE DU CORPS, éd. Seuil)

Hermann Hesse

Nan kò materyel tout moun pou kont yo, nanm nou pa janmen  
 ~  Hermann Hesse

Oscar Wilde

Ou pa ka gaspiye kreyativite, plis ou itilize li, plis ou genyen 
~   Oscar Wilde

Pablo Picasso

Chak timoun se yon atis. Pwoblèm lan se ki jan nou rete yon atis yon fwa nou grandi
~  Pablo Picasso

Platon

Yon moun ki resevwa bòn edikasyon ap ka chante epi kadanse bèl fason kè kontan
 ~   Platon

Remon L. Jisten

Chanjman mete lespri moun anboulvès    

fòs fasil pran tit, men tit pa bay fòs    

Chapant mantal lèzòm menm jan toupatou
 ~  Remon L. Jisten (Makyavèl : Kozman)    

Rudolf von Laban

Chak jès se yon mouvman pou defye lanmò    
~  Rudolf von Laban

Tanzarchiv Leipzig e.V.

Kadanse se konesans ki louvri ak kò nou
 ~  Tanzarchiv Leipzig e.V.

Pawòl la pale; enspirasyon pou nou vanse mouvman revolisyon kadanse nou nan kilti Karayib

André Fouad

M'anvi pale, m'anvi jwe, m'anvi ponpe, m'anvi kadanse
 ~  André Fouad (Poèm : toutouni)

Yon ti farinay lapli danse nan tout kò m'... Mwen chèche rèv lèzòm... pou lavi fiti  
 ~  André Fouad (Sou wout Lapli)

Bayyinah Bello

...depi ou konn misyon w, ou ranmase l ak kouraj... lemonn antye te mèt kont ou, pa pè, kanpe, fè l
 ~  Bayyinah Bello

Deyita 

danse ponpe : kontan nètale : Djaye
 ~  Deyita (Mercedes Foucard Guignard) - KONT NAN JADEN PEYI TITOMA (Ay! Flit an Mwen)

Doumafis Lafontan

Mistè danse nan tèt
Pou w sòti nan labou
Esklizyon,
Divizyon, e
Politik pa louvri baryè
Pawòl siperyè, enferyè pa fè kò ini
Tanbou etranje pa sonnen menm jan ak tanbou ginen
Rit etranje pa danse menm jan ak rit ginen
Kò ginen se oun tanp
Li fè youn ak tanp linivè
 ~  Doumafis Lafontan (Pwezi liberasyon)

Dr Lois Wilcken

Ountògi ba mwen son mwen, e, Solèy leve...  
 ~  Dr Loïs Wilcken (omèn pou Frisner Augustin)

Edner Saint-Amour

Pawòl monte fè pil sou pil, aksyon menm zerobare nil
 ~ Edner Saint-Amour 

Emeline Michel

...Pa kite moun voye dlo sou dife w... rèv ou se manman reyalite w...
 ~  Emeline Michel, otè-entèprèt (Gade Papi)

...lavi pa rekile, fò n vanse timoun... 
 ~  Emeline Michel, otè-entèprèt (Timoun)

Emmanuel W. Védrine

W ap taye banda ban mwen... Se bon tande
 ~  Emmanuel W. Védrine (SE BON TANDE | Tanbou)

Feliks Moriso-Lewa

Tanbou rada gen yon son pou-l ba-w Lè kè nèg isit kontan vre pitit
~  Feliks Moriso-Lewa (Dyakout)    

Franketyèn

Manman tanbou gwonde bouyi, sakaye biskèt, moulen zantray, brase lestonmak, rache fyèl, limen dife nan myèl... Reveye memwa nou... Reveye nanm nou... Loray tonn kolokoto louvri dans...
 ~  Franketyèn nan Zago Loray (LISTWA PWEZI KREYÒL AYITI)

Plen mennuit nan blakawout n'ap filonnen kolye zetwal...
 ~  Franketyèn, nan Zato Loray (LISTWA PWEZI KREYÒL AYITI)

Fred Edson Lafortune

Ann al avè m tanpri... tankou de timoun fwonte
~ Fred Edson Lafortune | rekèy poèm Ann al Lazil

Frisner Augustin

Bat tanbou nan bann rara, bat tanbou anba peristil... Yo pi bon pou mwen paske se yo menm ki rasin nan
 ~  Frisner Augustin 

Georges Muller Régis

Kilti nou se nanm nou. Si yon jou li rive disparèt, nou pral disparèt ak li tou
 ~  Georges Muller Régis (Chay Nanm)

Hudler Joseph

Kadanse nou anrichi lakilti
 ~  Hudler Joseph

Janjan Dezire

Tan ki pa tan make move tan
Si ou pran tan pou ou pare bon tan
Anvan lontan w'ap nan fè tan kite tan
~  Janjan Dezire 

Si nèg ki pa konnen te konnen jan sa bon lè'w konnen Pase y'ap charonyen nèg ki konnen pou sa yo konnen Yo ta pito chèche konnen sa nèg ki konnen konnen 
~  Janjan Dezire 

Jean-Claude Martineau (koralen)

Menm jan pye joumou pa donnen kalbas, laparès pa donnen laviktwa 
 ~  Jean-Claude Martineau (Koralen) nan Flè dizè 

Si nou pa rekonèt kilès ki prale nan menm direksyon avè n, n ap fè lènmi pas, n ap bay tèt nou gòl 
 ~  Jean-Claude Martineau (Koralen) 


Jeanguy Saintus Riché

Atizay se mouvans, yon enèji fre ak flanm ki ka rejenere fi ak gason pou pèmèt zèt yo rejwenn lòt nivo 
 ~  Jeanguy Saintus Riché 

Jocelyne Beroard

Mwen dakò ba servolan fil, pou'y pé monté...
Dansé anlè zétwal, é volé...
 ~  Jocelyne Beroard (Chante |Sa Ki Tala)

...Lè mizik-la ka déboulé Sé apiyé pou nou alé...
 ~  Jocelyne Beroard (chante|Kaye Manman)

...maré rin w pou roulé...      
~  Jocelyne Beroard (chante |Présé)

Kassav

Tanbou-a Tanbou peyi-a kongné Fè mwen vibre Son a'w la, se son-a ka mennen mwen...
~  Kassav (chante | Mwen Vire)

Katia D. Ulysse

Sa ki konn danse, kanpe sou pwent zòtey ou
vire sou talon-w
voye kongo monte...  
 ~  Katia D. Ulysse (SI GEN TRAVAY) 

Keslèbrezo

Ou menm fanm... derivaj kò ou lemante vegle tout je
 ~  Keslèbrezo (Parantèz)     

Les danseuses de Port-au-Prince

...Danse Sa ban nou kouray... sa ban nou fòs, sa fè nou byen... 
 ~  Les danseuses de Port-au-Prince

Lody Auguste

Lwa Sonia fenk kare ap danse nan tèt chak grenn ayisyen k'ap bouske dwa lavi  
 ~ Lody Auguste, (OMAJ POU SONIA PIERRE)

Lyonel Trouillot

Ti pye zoranj Monte Monte Jouk ou al grate Zòtèy Bondye
 ~  Lyonel Trouillot 

Manno Ejèn

Dlo nan je nou souri
     Kè mare nou chante
          Vant grangou nou danse 
 ~  Manno Ejèn EKZILTIK (Lakansyèl)

...konbit gaye raboday bouyi
Rara rasanble 
Sou bit lespwa k'ap desann... 
 ~  Manno Ejèn nan EKZILTIK 

Mari Flò Domon

...tanbou ki rele tanbou tout bon. Enstriman ki ka p fè venteyen nasyon lafrik ginen danse nan tèt laviron dede...
 ~  Mari Flò Domon (Fòs pasyon-m ap debat Pou li rale ou anba tè)

Max Beauvoir

Reyalite siprèm lan se vibrasyon, kadans ak amoni. Pi bon fason pou nou antre nan wonn reyalite sa a se ak kadans, dans, chante ak lapriyè...  
 ~  Max Beauvoir (Le Grand Recueil Sacré ou Répertoire des Chansons du Vodou Ayisyen)

Max Diakok

An vérité
Menm jan tini moun a lidé dékalbandé
Tini moun ka fè lidé vansé alavandé
Ka fè bel lidé dansé alavandé
Ka fè touplen bel lidé dansé alavandé
Anba kawbé a syel a Bondyé
Tini moun ki la pou fè nou gouté
Siwo a on douvanjou matrité
Toujou kouté-yo...  
 ~  Max Diakok (Moun a set soley |Potomitan)

Mètrèsdlo

Anverite, se pa ti bèl non, li ta bèl, si youn jou pitit, pitit-pitit, pitit-pitit-pitit poul kayèt ansanm avèk kòk zètòk, ak tout lòt kòk ak poul nan poulaye a, ta ka ouvè zèl yo byen laj, epi tonbe laye kongo douvan je malfini 
 ~ Mètrèsdlo nan SI KÈ TI POUL KONTAN LI KA FÈ DAN TOU (KREYÒL KLERE LWEN - Bilten Koukouy, Jen 1995, No 8)

Michel-Ange Hyppolite (kaptenn koukourouj)

Lè fanm ap goumen kòtakòt ak gason, bab pou bab ak ranyon dife, lè fanm pran sèt so anvan l'di alatraka, fò ou konnen konbyen kalfou jipon-l janbe, konbyen flanm li travèse anvan bonèt li chavire
 ~  Michel-Ange Hyppolite (kaptenn koukourouj) nan Zile Nou

Nèg... aksepte manje lekzil tan pou li rantre nan danse kole ak okipasyon degize
 ~  Michel-Ange Hyppolite (kaptenn koukourouj) - OMAJ POU PÒL LARAK (Paul Laraque)

Michel DeGraff

...se pawòl nou ki mare nou ansanm...
 ~  Michel DeGraff

Mi Mes Manmay Matinik (AM4)

Bèlè, se tout gran lavi me osi la toulejou: ki ledi lajwa, travay, lapenn, konba, lanmou... tou sa ka fè koulè lavi-a
~   Mi Mes Manmay Matinik (AM4)

Patrick Sylvain

Chak jou gen bal-maske Se rafal bal k'ap keyi espwa...
 ~  Patrick Sylvain (NOU NAN DLO |Tanbou) 

...Depi m' pale tanbou frape
         tout venn mwen ponpe
             tankou yo tchovi ki wè ak sen manman l'
 ~  Patrick Sylvain, KÒD LONBRIK L'AFRIK nan rekèy ZANSÈT

Konbyen fwa ou fè rèv... Èzili k'ap danse anba peristil...
 ~  Patrick Sylvain (TOKAY | Tanbou)

Mwen anvi dezabiye rèv mwen anba zésèl syèl ble pou lespri m' danse...
 ~  Patrick Sylvain (Dekwafe Moral | Tanbou)

Mwen imagine ou k'ap danse tankou yon papiyon...
nou jwe mizik jouk enstriman n' mande repo
 ~  Patrick Sylvain (PWEZI ANVI | Tanbou)

...Se konsa mwen danse Ibo
         chak branch cheve m' se yon kout tanbou
pa griyen dan ou ban mwen
             chache konnen Lafrik
            verite a se sou tanbou li kouche 
 ~ Patrick Sylvain, KÒD LONBRIK L'AFRIK nan rekèy ZANSÈT

Tanbou Nago roule nan san'm pou reveye Ogou
 ~  Patrick Sylvain (Metafò Dezespwa | Tanbou)

Patrick Wilbert Lafrance

Ak yon son maji ki bay ren plezi
Yon tanbou byenakòde Mete dife nan janm tout kokobe...
non m pap... non m pap poum da pap...tibidip bidip...poulou non m pap...
 ~  Patrick Wilbert Lafrance (EKZANFÒ)

Pearl Primus

Rit kadanse nou se pwofesè mwen, ak pasyans depi toujou, li montre mwen diyite, bèlte ak fòs ki genyen nan eritay kiltirèl pèp mwen tankou yon pati esansyèl nan bèl eritay tout limanite
 ~  Pearl Primus  | MY STATEMENT  (accelerated motion dance history)

Mwen pa danse pou amizman, mwen danse pou ede moun pi byen konprann youn ak lòt paske nan danse mwen jwenn lajwa libète 
 ~ Pearl Primus | antwopolojis, dansè, pyonè

Pol Larak (Paul Laraque)

Lakansyel... se lapè kap pouse do lagè
Pou tout nèg bat tanbou Chante loa ak danse vodou
Son gro koumbit pou rache mizè
Yon koumbit kanmarad tout koulè
 ~  Pòl Larak (Paul Laraque) nan Fistibal

Larenn solèy leve... pou'n sa kanpe
Pou kò nou li pote chalè
Pou lespri'n li pote limyè   
~  Pòl Larak (Paul Laraque) Sòlda Mawon

Ouap kouri ak lapli
Chak pa ou fè
Kaj la louvri...
pa pè mache mache ou...
Lò lapli va rete solèy leve
 ~  Pòl Larak (Paul Laraque) nan Fistibal

Tanbou loraj ap gwonde Tout nèg mawon kanpe Tout fanm vanyan ap danse Tanbou sila-a... se tanbou libète
 ~  Pòl Larak (Paul Laraque) nan TANBOU  LIBÉTE

Pwovèb kreyol

Ak pasyans, n ap rive jwenn tete foumi

Anvan ou ri moun bwete gade jan ou mache

Apre dans tanbou lou

Baton ede pye

Bay kou bliye, pote mak sonje  

Byen pre pa lakay

chay ou paka pote ou mete-l atè byen dousman

Konesans se richès

Fè zanmi ak kouto anvan zabriko mi

Fòk ou pèdi tan pou'w gen tan

Jan tanbou-la ka bat, jan pou ou dansé
~  Pwovèb kreyòl nan VOLCREOLE (LaFilleduNord)

Komansman chante se soufle

Lajan fè chen danse

Lawouse fè banda toutan solèy pa leve 

Mwen byen sangle, mwen pap foule

Mezire anvan ou koupe

Nanpwen cho ki pa vin frèt

Ou konn sa w'ap kite; ou pa konn sa ou pral jwenn

Pil ti pil fè chaj

Se kouto sèl ki konnen sa ki nan kè yanm

Se mèt kò ki veye kò

Si'm te konnen toujou dèyè

Si bòt la twò jis pou ou, mache pye atè

Souke tèt pa kase kou

Tan ale, li pa tounen 

Tanbou bat nan raje, men se lakay li vin danse

Tanbou prete pa janm fè bon dans

Tchenbe rèd pa moli ! ...se moli-a ki rèd ! 
 ~  Pwovèb kreyòl 

Ti kouri, kenbe tete; gwo kouri, lage tete

Ti pwason swiv kouran
 ~  Pwovèb Kreyòl (Aochan Kreyòl 1:40) 

Toujou gen retay kay tayè

Tout bèt jennen mòde

Tout moun se moun, tout moun pa menm

Tout sa ou pa konnen pi gran pase ou

Twò vit pa rive

Twò prese pa fè jou louvri

Verite sou tanbou
 ~  pwovèb kreyol (Video pawòl Bayyinah Bello sou Dessalines 0:01)

Wè jodi-a men sonje demen

Wòch nan dlo pa konn doulè wòch nan solèy

youn pa nago, youn pa kita  
 ~ pwovèb kreyòl

Pyè Banbou (Dr. Ernst Mirville)

tout bouch ap bat
tout bra kwaze
barik mayi a rete la
 ~  Pyè Banbou (Dr. Ernst Mirville) (LISTWA PWEZI KREYÒL AYITI : Rechèch, 1979)

Rayomd A. Moise

Pou Ayiti Peyi Zansèt yo
Se pou n mache
Men nan lamen
Nan mitan n pa fèt pou gen trèt
Nou fèt pou n sèl mèt tèt nou... 
 ~  Raymond A. Moise (Tradiksyon kreyòl Im nasyonal Ayiti) -  Pawòl: Justin Lhérisson  

Serge Madhère

Ou konn se ne pa ne yon bèl gòl kann pouse
~  Serge Madhère, Donnen Mèvèy (Listwa pwezi kreyòl p. 173)

Pa blye, solèy la malgre li konn wout la, sa pran'l tout yon jounen pou'l rive janbe syèl
~  Serge Madhère, Piti piti plen kay (Listwa pwezi kreyòl p. 42)

Soft

...Kadans a péyi-la...
Sé li ka chayé mwen Woy
Sé sa ka brilé mwen 
Sé li ka ay menné nou pli wo...
Tam pi tam tam pi tam tanbou ké woulé...
 ~  SOFT (chante |Kadans a peyi la)


Sophia Fécu

Ou renmen m'? Ayibobo pou ou. Ou pa renmen m'? Ayibobo pou ou tou.
 ~  Sophia Fécu (Entèview Le Point - 16:05)

Suze Baron

...lò mizik la fini, figi Yaya, w'a di oun fanm ki fèk fin fè lanmou
 ~  Suze Baron (Tanbou-a pale)

tanbou-a pale Ti-Roro fè tanbou-a pale Nòt yo leve yo mache...
 ~  Suze Baron (tanbou-a pale|Potomitan)

Ti Selès (Wilfrid Celeste)

Ban mwen tanbou la se tanbou la mwen enme
      Lèw wè an ka dòmi, se tanbou la an ka reve
           Alò jwe tanbou ban mwen pou mwen danse 
~ Wilfrid Celeste alias Ti Selès nan TESTAMAN - KALADJA

Tilarenn Solèy (Turenne Joseph)

Kadanse mwen kenbe m fèm ak fòs enèji konsyans chak mouvman, fondas natirèl mwen epi kè ti-kat-kat mwen.
  ~  Tilarenn Solèy 

Koute chante w epi kadanse nanm ou
  ~  Tilarenn Solèy

Latè, celil nou, mouvman nou, refèt alenfini. Nou ka fè ansyen toujou nèf lè kè nou toujou jèn.
  ~  Tilarenn Solèy

Libere lespri w, libere nanm ou
  ~  Tilarenn Solèy

Mwen kite limit kò fizik mwen pou mwen kontre ak verite fondas nanm mwen
  ~  Tilarenn Solèy

Nou se souf lavi lè nou kadanse nanm louvri
  ~  Tilarenn Solèy

Nou dwe kadanse lanmou, respè, kouraj absoliman pou nou kanpe ak lajwa ekilib epi amoni alawonnbadè
  ~  Tilarenn Solèy

Nou gen pouvwa pou nou transfòme tout reyalite ak pozisyon lespri nou, fòs mantal nou epi enèji kreyasyon nou k ap aji
  ~  Tilarenn Solèy

Pasyon kadanse pèmèt mwen rejwenn lonbrit rasin mwen
  ~  Tilarenn Solèy

Se kadanse nou ki fè kè nou bat...
  ~  Tilarenn Solèy 

Pawòl enspirasyon; pou nou vanse mouvman revolisyon kadanse nou ofri nou bon jan elan

Pawòl enspirasyon pou nou vanse mouvman revolisyon kadanse nou ofri nou esans nati elemantal enèji lavi.

Sajès lanmou pawòl enspirasyon pou nou vanse mouvman revolisyon kadanse nou montre nou tout maji konsyans mouvman nou epi ede nou nan balanse chakra nou.

Entegre esans fondamantal sajès lanmou chak mo.


*
♥ Lyen yo rale referans nan lang kreyòl osnon nan lang ki pi aksesib lè nou pa jwenn kreyòl la

Pawòl la pale; enspirasyon pou nou vanse mouvman revolisyon kiltirèl kadanse nou, 153+ lide ak pwovèb pou ou lè w bezwen

♥ Chimen limyè sa, sou ritm mouvman revolisyon kiltirèl kadanse nou pou nou evolye ak entegrite esans sakre nou, se pou ou! ♥

Pataje vèvèy defi prezans total ou pou konkèt tèt ou. Depoze kadanse w!

Depoze w. Pale ak rit pawòl kè ak kò w, jan w pito...

Rakonte eksperyans, fòs, angajman, lanmou ak lajwa w.

Pataje vèvèy, viktwa, defi prezans total ou pou konkèt tèt ou, depoze kadanse w...

♥ Chimen limyè sa, sou mouvman revolisyon kadanse nou pou nou evolye ak entegrite esans sakre nou, se pou ou! ♥

Wè sa nou deja pataje...

Kenbe kontak...

* enfòmasyon nesesè
mail fòma

ONÈ ! Mwen se Tilarenn Solèy!
Nou nan pataj sou byennèt inivèsèl ak verite lasante epi entegrite diyite nou.

Nou jwenn sa nan pwisans konsyans nou se gadyen esans sakre kadanse nou, sou ritm mouvman revolisyon kiltirèl pran swen tèt nou pou konkèt tèt nou.

Se mouvman revolisyon kiltirèl kadanse nou sou ritm respè, je klè epi entegrite ekilib nou ki toujou ap fèt alawonnbadè.

Nou se youn ak kadanse latè, linivè epi lenfini.

Nou tout kadanse lavi ak tout bagay, tout kote epi tout moun. Kadanse w se mouvman. Mouvman se lavi.

Mouvman revolisyon kiltirèl kadanse nou sou ritm esans sakre nou ak pwisans prezans total nou se sous pi byen viv alawonnbadè depase tan.

Fokis Enèji lavi mwen pou nou: Kadanse sou ritm respè, je klè, ak entegrite ekilib nou ki toujou ap fèt alawonnbadè, alenfini.


Onè Nana nou yo! Onè Baba nou yo! Onè Zansèt nou yo! Onè Legba! 

Pou nou louvri pòt pou ede nou mete tout baryè atè, pou ede nou nouri kannal bon jan kominikasyon pozitif.

Pou nou ede nou bay kominote nou otonomi pou nou toujou grandi ak pasyon fè epi refè ekilib lavi a.

Pou nou ede nou soutni epi enspire kominote moun ki toujou kanpe djanm pou nou kadanse sou ritm respè, je klè epi entegrite ekilib nou ki toujou ap fèt alawonnbadè.

Pou nou ede nou pou nou toujou edike tèt nou pou nou vibre ak fòs esans sakre nou.

Pou nou ede nou soutni kominote nou nan respekte esans sakre nou ak pwisans swen tèt nou pou konkèt tèt nou.

Pou nou ede nou pou nou toujou konpayon ki merite konfyans epi toujou kenbe angajman nou djanm ak verite esans sakre nou.

Pou nou ede nou konprann tèt nou toujou pi byen pou nou pa janm viv ak laperèz.

Pou nou ede nou vwayaje ak kè leje kote pou nou aprann kadanse toujou plis sou ritm respè, je klè, epi entegrite ekilib nou ki toujou ap fèt alawonnbadè.

Pou nou ede nou louvri chimen pou pitit fi ak pitit gason nou toujou viv ak amoni kè ak nanm, kò, tèt ak lespri yo.

Konsa n ap jwi richès lavi a ak entegrite diyite nou epi kite eritaj abondans, revolisyon kadanse nou sou ritm respè, je klè epi entegrite ekilib pwisans gadyen esans sakre kadanse nou ki toujou ap fèt, pou tout jenerasyon, alawonnbadè.