kadanse prezans total nou nan lajwa mouvman ak konsyans.
Kadanse nou se mwayen senp epi aksesib depi toujou pou nou kadanse pwisans prezans nou ak enèji vital mouvman nou: kominikasyon ak lanmou inivèsèl epi onèt asire.
Onè > Kadans Swen Tèt Nou Pou Konkèt Tèt Nou > Nou Se Youn > Kadanse tradisyon ekri pa Turenne Joseph (Tilarenn)
Richès kadanse tradisyon simaye sou tout planèt la, temwanyaj kijan chak pèp kadanse, depi sou rit seremoni pou rive nan rit popilè, fòlklò ak pwofesyon danse.
Se yon fason ekstraòdinè pou nou vwayaje nan lemonn, pou nou dekouvri trezò rit chak kilti epi jwi lajwa fondas kadans nou, depase tan, an amoni ak chak pèp.
Nenpòt ki kote w gen santiman pou w ale, pran tou le 7 sans ou avè w, byen pare pou w plonje nan nanm kadans, langaj Bondye ki montre fondas natirèl kominikasyon ki toujou vre, aklè.
Sa se verite tout bon... Ou gen pou jwi lajwa depase tan!
Eske ou remake kijan mo kadanse a inivèsèl epi gen mizik?
Kadanse natirèlman pote enèji mouvman ak konsyans epi bay yon regà sajès lavi sou konpleksite tout sitiyasyon, kit se nenpòt kichoy, detant ou bagay serye...
...tankou kadans manje, kadans lanmou, kadans biznis...
Soti Lès ale nan Lwès, rive nan Sid epi nan Nò sou latè a, kadanse nou deploye isit la pou nou pran bèl plezi ak kadanse tradisyon lemonn antye sou kadans valè tan lontan epi jodi-a ak defi yo nan modènite, atravè rasin kadanse sanzèt yo.
Men kèk ekzanp kote n ap vwayaje nan lemonn, ak yon ti jòf sou sa ki fè chak kadans inik.
Kadanse tradisyon Ayiti, se yon plaj dekouvèt rit ki soti nan rasin vodou epi aborijèn.
Li kenbe anpil fòs enèji espirityèl li.
Enflyans lemonn modèn vin bay fòlklò ki pran enspirasyon nan mouvman rasin vodou a.
Kay endijèn Aztek kadanse pèp la eksprime sik lavi epi kadanse klas elit te asosye ak relijyon.
Kadanse klas elit yo ki kore ak diyitè relijyon yo ep dirijan pèp la vin elimine nèt.
Kadanse pèp la kenbe fòs, vin depase sik lavi pou yo eksprime reyalite sosyal tout kote nan Mexico, avèk enfliyans Ewòp epi eritaj Lafrik.
Kadanse pèp la vin pran plas nan kilti mondyal sou bannyè pwofesyon danse ak gwoup tankou Ballet Folklórico de México ki se yon gwo anblèm.
Balè nan kilti Larisi se yon synbòl mondyal devlopman ekselans nan pwofesyon danse.
Kadanse tradisyon peyi a entegre nan kilti Larisi depi premye jou timoun lekòl.
Kadanse pèp la se rasin solid.
Se nan fòs enflyans tradisyon an menm, sou plisyè syèk, Larisi pran merit tout ekselans l ap voye monte nan mizik klasik, opera, teyat ak Balè.
Kadanse tradisyon nan kilti Almay toujou prezan nan festival epi nan koutim sik lavi a. Konsa tou, kadanse pèp Almay travèsè fò nan peyi vwazen tankou Otrich, Ongri epi Danib.
Kadanse pèp Almay se baz enfliyans valz vyenwaz, teyat vèvèy kadanse epi kadanse modèn nou.
Tout moun rekonèt ke anpil atis ki aktive chanjman mondyal enpòtan ki fèt nan pwofesyon danse, soti nan kilti Almay.
Kadanse tradisyon se pratik ki fèt depi tout tan te gen tan.
Andepi de tout kwayans sou orijin danse, nou konprann epi renouvle li ak chak moman nan kotidyen nou, parèy ou pa parèy, nan tout kilti sou latè.
Symbioz kadanse tradisyon nou toujou genyen avèk kote li evolye mete tan an sou poz alenfini tandike nou plonje nan mèvèy byennèt lajwa ki nan fondas nanm nou.
ONÈ ! Mwen se Turenne / Tilarenn ! Nou nan pataj sou byennèt inivèsèl ak lafòm total entegral. Nou jwenn yo sou kadans pwisans prezans total nou nan swen tèt nou pou konkèt tèt nou. Nou kadanse lanmou, lajwa mouvman ak konsyans pou ekilib epi amoni alawonnbadè.
Nou se youn ak kadans latè, linivè epi lenfini.
Tout bagay kadanse paske lavi se kadans. Kadans se mouvman. Mouvman se lavi. Mouvman ak konsyans se sous ekilib ak amoni depase tan sou kadans pwisans prezans total nou.
Fokis Enèji vital mwen pou nou: Onè Legba; Onè Zansèt nou yo;
Nou louvri pòt. Nou ede nou mete tout baryè atè. Nou ede nou kreye kannal kominikasyon lib. Nou ede nou bay kominote nou otonomi pou nou toujou grandi ak pasyon epi kreyativite pou nou fè epi refè ekilib lavi a.
Nou ede nou soutni epi enspire kominote moun ki toujou kanpe djanm pou nou kadanse ekilib ak amoni alawonnbadè.
Nou ede nou pou nou toujou edike tèt nou pou nou vibre ak prezans total nou sou kadans mouvman ak konsyans. Nou ede nou soutni kominote nou nan respekte esans pwisans swen tèt nou pou konkèt tèt nou. Nou ede nou pou nou toujou konpayon ki merite konfyans tout moun nan lidèchip pou nou kenbe angajman nou djanm.
Nou ede nou libere tèt nou pou nou pa janm pè. Nou ede nou vwayaje kè kontan pi bon kote pou nou aprann jwenn toujou plis ekilib ak amoni nan tout bagay.
Nou ede nou louvri chemen pou pitit fi ak pitit gason nou yo byen nan kò, lespri, tèt ak nanm. Konsa n ap jwi richès lavi a ak entegrite epi kite eritaj lespri lanmou ak abondans pou tout jenerasyon.