Prezans chaje enfliyans pwisans kadans konkèt tèt nou nan lajwa mouvman ak konsyans swen tèt nou.
Kadans se mwayen senp epi aksesib depi toujou pou nou touche pwisans konsyans total nou ak enèji mouvman. Eske gen pi bon mwayen pase kominikasyon inivèsèl sila a pou nou pataje sou esans nou? Lesansyèl nan nannan nou. Se sa ki fè pwisans mouvman ak konsyans konkèt tèt nou.
° Resevwa 5 moman majik konsyans kadans konkèt tèt nou
Akèy > Entwodikstyon: Kadans konkkèt tèt nou > Atizay Danse
Atizay danse atravè rit nan lemonn toujou kenbe, nan jounen jodi-a, mak ak wòl eritaj zansèt yo. Vitalite yo pran eko nan mouvman nou, vin enrasine nou, mete nou djanm.
Atizay rit danse ki se divètisman, se kote nou va touche tandans kadans sou tout planèt la, nan danse pou espektak, espò danse, danse pou amizman lib, mizik danse, video danse, danse pou sinema, epi menm jwèt danse.
Kilès ou kisa ki vin nan lespri w ?
Nou ka kontinye san rete!
Kadans rit danse ki divètisman gen prezans si tèlman fò!
"Tanbou nago roule nan san'm pou reveye Ogou''
Son rit toupatou sou planèt la fè echo nan kè tout moun.
Pèsònn pa janm rete ensansib anba rezonans maji diven sila.
Nou fouye nan enspirasyon ak souvni pou nou kreye sa ki nèf epi voye monte eksperyans moun doubout nou ak eksperyans espirityèl nou.
Mòd kreyativite sa a, pa janm mande rete.
Kadans se jwayo, nan tout kwase chemen, ki chaje ak konkenn chenn siyifikasyon, sekrè epi anpil trezò.
Atis yo, andeyò ou sou sèn ke y ap jwi ou ke yo kreye, anonim ou selèb, gen yon istwa lanmou y ap viv nan bay divètisman pou lakontantman kèlkeswa moun nan.
Kreyativite yo sou sèvis atizay epi pèfeksyonman talan yo leve kouvèti sou yon pakèt richès, sou plizyè dimansyon.
Atizay danse, tankou bay lodyans...
Esans kadans atizay nan plezi danse gen konkenn fòs ak fasilite pou li touche nou nan estad primè toutotan ke nan piwo santiman nou.
Yon pwovèb afriken di,
"Lè tanbou frape, tout mask tonbe"
Listwa kadans ap fèt epi refèt ak chak jenerasyon nan yon ekonomi global kote enfliyans toupatou ap travèse tout planèt la.
Atis pa nan mezire pou chèche konnen lòt kilti epi rekonekte ak sa ki ansyen.
Anmenmtan, yo initye travay tounèf, toujou orijinal, pou fè lemonn...
ri, kriye, reve, sezi, konekte, panse, dekouvri.
Nou se yonn sou kadans pwisans konkèt tèt nou nan lajwa mouvman ak konsyans pou ekilib epi amoni alawonnbadè
Tout bagay file sou kadans paske lavi se kadans. Kadans se mouvman. Mouvman se lavi. Mouvman ak konsyans se sous ekilib ak amoni total depase tan sou kadans pwisans konkèt tèt nou
ONÈ ! Mwen se Turenne / Tilarenn ! Nou nan pataj sou byennèt inivèsèl ak lafòm total kapital. Nou jwenn yo sous kadans pwisans konkèt tèt nou. Nou se artivis. Nou danse lajwa mouvman ak konsyans pou ekilib epi amoni alawonnbadè.
Nan chak tèks, pran fòs énèji kadans rejwisans danse lavi w.
VIZYON : LAKOU SIVILIZASYON SAKRE NOU
° Eske w deja pran 5 moman majik ou?