Mwen pa konn danse,
men pawòl mwen yo
se yon yanvalou pou ou

Michel-Ange Hyppolite
(Otawa, Kanada )

Fòs danse tradisyon Yanvalou se Danbala / Ayida

Fòs danse tradisyon Yanvalou se Danbala / Ayida


Mwen pa konnen danse.

Si yon moun ta mande mwen kisa ki atire mwen nan espas nou ye la a? Mwen va reponn: Prezans mwen isit la soti nan pasyon mwen pou lekriti, pou kilti pèp ayisyen epi pou lang kreyòl la, prensipal motè kilti sila a sou divès fòm li yo.

Alaverite, nan espas nou ye la a, se pa danse senpman ki alonè.

Genyen lapawòl nan divès dimansyon: Pwezi, filozofi, fondas sakre, elatriye. Se yo tout ansanm swivan pwòp kadans yo ki ap kata nan lespri mwen, yon fason pou mwen danse ak mo mwen yo, pandan mwen ap envite lòt moun, ki renmen atizay, vin rantre nan wonn pou yo envante mo ansanm ak mwen pandan nou ap envite menm mo sa yo nan yanvalou lavi nou...

Si danse genyen tout eleman pou bay kò nou, nanm nou, fondas nou, fòm finès avèk lapratik, pisans lapawòl ki nan espas nou ye la a, se yon sous ki gen pouvwa gani nou latètopye ak divès kalite plimo lakontantman.

Se pasyon mwen pou bèl pawòl avèk ladrès ki ban mwen zèl jouk mwen rive isit la, yon fason pou mwen rekreye lavi apati pwòp motivasyon mwen pou lanmou nan baryè lavi.

Lanmou pou lavi.

Lavi nan lanmou.

Epi viv lanmou ak lavi.

Nou nan yon gwo lakou kote lapanse gen pouvwa tire fedatifis pou nou trase vèvè lakontantman tout koulè nan syèl kè nou.

Mwen pa konn fè desen, men mwen aprann kite chak liy yon bèl tablo mache libelibè, fè piwèt, simen valeryann alamòd pyepoudre sou tout longè boulva apresyasyon mwen.

Lavi ak lanmou enfini se fòs pou mwen bay nanm mwen gabèl. Kite li pale langay...

Langay pasyon.

Langay pasyans.

Langay lavi.

Lavi nan lenfini.

Amoni tan an. Tan pou nou rekreye womans avèk kadans nan laviwonn pasyans aktif.

Isit la, nou kab kreye pasyon pa nou ak ladrès natif natal pou nou rekreye pwòp tèt nou pandan nou ap reviv lanvè lavi.

Landwat lavi, se fasilite ki pèmèt tout noumenm, tout rèv nou rantre nan jaden reyalite, kote nou se kiltivatè, jadinye, gadyen lawouze epi tèt sous ki ap ponpe tout kalite plezi.

Lanvè lavi, se yon atant enfini.

Lanvè lavi pou ou, se landrèt la pou moun ki anfas ou a.

Lanvè ak landrèt lavi se menm noumenm lan ki ap vire won avèk lespwa lanvè va chanje pozisyon pou li rantre sou chemen landwat. Se tankou nou aprann pasyans pou nou rapouswiv chemen pasyans ak yon pasyon san fen.

Se tout kalite revè sa yo ki vare sou mwen lè mwen ap swiv konpayèl nanm mwen pou nou danse lavi nan amoni lanmou.

Se plezi sa a mwen vle pataje ak nou.

Yon plezi lapawòl pa kab defini. Se yon plezi aktif alenfini nan tout dimansyon nou vle mennen li. Si nou kanpe ap swiv, li ap senpman pase kite nou nan menm plas la. Lè nou va resezi nou, nou va gen pi plis bras pou nou fè sou chemen ratrapay.

Comments... Commentaires... Kòmantè...

Average Rating... Moyenne des évaluations... Mwayèn evalyasyon yo... starstarstarstarstar

* Add your own comments... | ** Ajoute ton commentaire... | *** Ajoute kòmantè pa w...

Jul 25, 2016
Rating | Evaluation | Evalyasyon
starstarstarstarstar
Alabèl Yanvalou...
~ Turenne / Tilarenn

Alabèl yanvalou pou yon moun ki pa konn danse!

Fò w ta li sa mwen ekri sou aprann danse pou w pran mezi fòs kadans ou.

Mwen kontan anpil bèl plezi pataj sa a ou pran avè n.

Lanmou enfini ak kè konsyan,
Tilarenn

Jul 26, 2016
Rating | Evaluation | Evalyasyon
starstarstarstarstar
Se mo yo mwen fè danse !
~ Michel-Ange Hyppolite (Kaptenn Koukouwouj)

Kòm ou voye mwen li sa ou ekri sou aprann danse, mwen pral fè yon tou nan seksyon sa a pou mwen kab aprann pi plis sou danse.

Men, tankou ou remake li, se mo yo mwen fè danse. Se yo menm mwen amonize epi se yo menm tou mwen ap mande lòt moun amonize epi envite yo nan mitan nou pou nou kreye yon alyans plezi mo pou nou danse ak pawòl nou sou plan pwezi, filozofi, listwa, mesaj sakre, elatriye.

Mo yo se fòs nou. Se yo menm ki gen pouvwa pataje mistè ki nan kè nou, mistè ki nan panse nou ak tout moun nou renmen, tout moun ki renmen nou epi tout moun ki ap swiv nou adistans.

Se ak mo nou yo pou nou pase mesaj konsyantizasyon, mesaj chanjman nan tèt, chanjman nan kè, mesaj chanjman sosyal.

Ann kontinye pataje mesaj nou nan tout dimansyon pou lespwa jèmen avèk pasyon!

Michel-Ange Hyppolite
(Kaptenn Koukouwouj)

Jul 27, 2016
Rating | Evaluation | Evalyasyon
starstarstarstarstar
Danse se konsyans rit mouvman nou menm jan nou gen konsyans rit mo lapawòl ak lekriti...
~ Turenne / Tilarenn

Mwen dakò avè w nèt Kaptenn. Men se pa tout moun ki gen fasilite pou jwe ak mo yo pou fè yo danse epi sitou pou kominikasyon an klè tankou dlo sous.

Mwen menm pou tèt pa m se gwo defi pou mwen ka eksprime pwisans mouvman ak konsyans nanm kadans nou isit la.

Nan espas sa a, nou pa gen lechwa, se nan mo yo pou n mete fòs.

Men gade byen epi wa wè se ak mouvman kominikasyon gen plis fòs toujou.

Poukisa nou fè mouvman pou nou sipòte pawòl nou? Poukisa nou mete desen, grafik pou nou sipòte lekriti? Poukisa etid mouvman non vèbal gen anpil enpòtans?

Mouvman paka bay manti. Aksyon paka bay manti.

Danse a byen senp. Se konsyans rit mouvman nou menm jan nou gen konsyans rit mo lapawòl ak lekriti.

Jan gran poetès Maya Angelou te di li : "Tout bagay nan linivè gen mouvman, tout bagay danse"

Sa w di nan sa Kaptenn?

Lanmou enfini ak kè konsyan,
Tilarenn

Jul 27, 2016
Rating | Evaluation | Evalyasyon
starstarstarstarstar
Mo mwen an senbyòz ak mouvman aksyon mwen se va dekabès sou tout laliy
~ Michel-Ange Hyppolite (Kaptenn Koukouwouj)

Mwen ap ajoute:
Aksyon pale pi fò pase pale san aji.
Mwen kwè nan aji.
Mwen kwè nan aksyon.

Si mwen kab poze mo mwen yo epi aji daprè sans yo evoke nan lespri mwen, mwen kwè se va dekabès sou tout laliy.

Kòm aksyon gen mouvman,
konsa mouvman mwen yo,
se va premye pa kadans mwen avèk entansyon pou mwen konbine mo epi aksyon.

Lè mwen konvèti mo mwen nan aksyon, mwen kreye yon senbyòz total-kapital. Yon senbyòz ki ap mache sou wout pèfeksyon.

Nan lavi, chak moun genyen fòs pa li, chak mwoun genyen feblès tou.

Yon moun ki vle viv nan amoni ak pwòp tèt li, dwe rekonèt fòs li ak feblès li pandan li ap travay pou li konble vid li santi ki se reyèlman yon vid tout bon.

Se Kaptenn ak fòs li epi feblès li.

* Add your own comments... | ** Ajoute ton commentaire... | *** Ajoute kòmantè pa w...

* Join in and write your own page! Simply click here to reach the form you need...
** N'hésite pas et écris ta propre page ! Clique ici pour accéder au formulaire qu'il te faut...
*** Pa ezite ekri paj ou tou! Jis clike la pou w rive sou fòmilè ou bezwen pou sa...