12 Prensip Bwa Kayiman kòm eritaj ki abite nou 

 Akèy  >  Entwodiksyon : Nanm Kadans  >  Lakou Sakre  >  12 Prensip Bwa Kayiman

Tèks Pierre Michel Chéry / Kontribisyon Michel-Ange Hyppolite (Kaptenn Koukouwouj) 



12 Prensip Bwa Kayiman montre baz ideyolojik moun Zile Sendomeng ki te revolte pou vin granmoun tèt yo. Eske prensip sa yo gen nesesite jounen jodi a? Eske yo ka simante toujou plis tèt ansanm tout bon?

Lide pa w sou 12 Prensip Bwa Kayiman...

Pataje alèz!

Men kèk egzanp...
° Kisa tèks la reveye lakay ou?
° ki aksyon, ki mouvman, kalite enfòmasyon sa enspire w?
° Poukisa, dapre oumenm, otè a chwazi tit 12 Prensip Bwa Kayiman an?

Pawòl pou ou...


Entansyon nou nan paj sa a, se pou nou tout aji sou tèks la, rann li aktif ak lide pa nou. Nou vle pou w mennen tèks la pi lwen, fè li pran ralonj ak pwòp eksperyans pa w.

Tèks 12 Prensip Bwa Kayiman sa a soti an 2009 anba plim Pierre Michel Chéry epi yo parèt nan lòt espas sou Entènèt la tankou Potomitan epi Forum Ayiti ak Jafrikayiti


Pa ezite poze kesyon, mande limyè. Epitou, se ak plezi Pierre Michel Chéry ap pataje moso nan tan lib li ak nou pou li mennen nou pi lwen sou wout lapanse ki anime tèks ki rele
12 Prensip Bwa Kayiman
an.

N ap louvri ak entwodiksyon 12 Prensip Bwa Kayiman yo epi premye prensip la. Nou ap tann reyaksyon nou sou yo. Apresa, se tanzantan, nou va pote yon lòt lèz nan prensip yo ak ti kòmantè anplis.


Alaverite, entansyon nou, se ankouraje echanj pou nou grandi ansanm. Depi gen echanj gen opinyon ki pou pran lari. Nou kab tonbe dakò, men konsa tou, panse nou yo kab ale nan direksyon diferan. Se nòmal. 


Li nòmal epi natirèl pou nou genyen opinyon diferan. Sa ki konte se respè yonn pou lòt nan fason flonn panse nou pral pran vòl.


Premye Lèz Nan 12 Prensip Bwa Kayiman



Si yon moun bezwen konprann sosyete ayisyen an nan fondalnatal li, li pa ka mete tradisyon peyi a sou kote. 


Mas esklav ki te fè 1791 ak 1804 yo pa te konn ekri. Se nan pale youn ak lòt, yo te kase randevou. Se nan pale youn ak lòt, youn te esplike lòt demach y ap fè pou yo te retire kò yo anba sistèm esklavajis la.

Se nan kesyonnen sistèm esklavajis la, yo te aprann diferans yo. Se nan aprann diferans ak lòt posiblite lavi a te ka ofri, yo te chwazi vizyon pa yo, yo te chwazi wout pa yo, wout ki pa t ale nan menm direksyon ak wout kolon yo, yo te konstwi vizyon yo sou lavi a, vizyon ki te depaman ak vizyon kolon yo.

Lè nou gade peyi a sou tan lakoloni, nou jwenn plis pase 100 gwoup esklav diferan, ki divize ant nanchon ak tribi.


Premye eleman ki te simante mas esklav yo, se kondisyon esplwatasyon ak demounizasyon yo t ap viv nan sistèm esklavajis la.

Dezyèm eleman ki te simante mas esklav yo ansanm, se enposiblite pou esklav te wè lavi a menm jan ak kolon yo. N ap repete l. Se nan pran konsyans yo pa ka wè lavi a, yo pa gendwa wè kòsmòs la menm jan ak kolon blan yo, esklav yo te antre nan demach pou yo chape anba men kolon yo.


Nan moman sa a, mawon yo te reprezante konsyans avanse esklav yo. Demakasyon sa a te vle di ideyoloji blan yo (krisyanis, ewopeyen, rasis) pa gen priz sou sèvo moun ki pa kwè nan sa blan kwè.


Premye kase-chenn nan te fèt nan sèvo mawon yo, ki te pito pran mòn, pase pou yo te asepte kondisyon sistèm nan.


Anpil prensip Ayisyen ap viv, anpil regleman Ayisyen jwenn sou fason pou yo òganize lavi yo sòti nan demakaj esklav yo fè, etan, epi anvan menm yo te kase chenn yo nan lane 1791.

Konsa nou ka konprann lagè militè a deklanche, ak tout nivo li dwe pran, nan lane 1791, men lagè ideyolojik la te kòmanse apati premye jou mawon yo bati yon peristil anndan koloni an.


Apati moman sa a, mawon yo pral pran distans yo ak vizyon blan yo. Avèk demach sa a, mawon yo pral vini ak pwòp vizyon pa yo sou tout kesyon ki regade lavi moun.

Se konsa, nou ranmase 12 nan pi gwo prensip ki rete vivan nan tradisyon Ayisyen pou nou montre ki baz ideyolojik ki te mennen Bwa Kayiman, epitou ki vizyon lavi ki t ap pale nan seremoni Bwa Kayiman an. 12 Prensip Bwa Kayiman sa yo, se 12 repons dirèk, 12 repons ki depaman ak lide ki t ap sikile nan epòk la sou lavi an jeneral.


Bwa Kayiman gen plis pase 12 prensip. Chak Ayisyen andwa chwazi ki lòt prensip li jije ki pi enpòtan pase sa nou bay la yo, men se pou tout eritye nèg Bwa Kayiman yo fè sa yo konnen pou tout limanite aprann konnen ki vizyon ki te motive yon gwoup esklav, lè yo te pete yon rèl ki fè lanfè lakoloni an tranble. 


Jouk jounen jodi a, nan lane 2009, n ap viv soukous kout rèl sa a. 


Premye prensip, ki sèvi baz pou kèlkeswa lòt prensip, k ap vini se kòmandman nimewo 1 an.


Premye Prensip:

"Tout moun se moun.
Pa gen moun pase moun."


Prensip sa a se pi gwo prensip ki mennen oubyen ki sòti nan Bwa Kayiman.


Annik sonje depi Kristòf Kolon te fè dappiyanp sou tè Endyen yo, nan ane 1492, Loksidan te envante tout kalite teyori pou klase moun dapre koulè po yo. 


Lè yon mawon te pran mòn, kolon an di se yon esklav parese... 


Lide sa yo te si tèlman fò nan tan lakoloni, pèson pa te ka admèt se paske mawon yo te kwè: tout moun se moun, epi pa gen moun pase moun, ki fè yo te derefize kondisyon esklavay la.


Prensip sa a, ki sòti nan goumen kont lesklavay, travèse tan (plis pase 200 ane) pou li rive jwenn nou jounen jodiya.  Prensip sa a tounen youn nan pwovèb Ayisyen plis sèvi pou denonse move tretman ak mepri pou moun, kèlkeswa kote y ap viv la.


Nan pifò sosyete sou latè, se nan redi, se nan goumen, se grenn pa grenn, moun ap admèt yon prensip ki di: "Tout moun se moun. Pa gen moun pase moun".





Pierre Michel Chéry se yonn nan manm Akademi Kreyòl Ayisyen an.  Pierre Michel Chéry, se yon jesyonè, lengwis epi womansye ki fè mo yo danse nan lang kreyòl la. Li fè pwomosyon lang kreyòl la ak kilti popilè peyi Ayiti.  Konsa Pierre Michel Chéry ap potekole pou n danse lavi an kreyòl nan REKA (Rezo Kreyolis Ayisyen)  epi nan IOCP (International Organization of Creole People).


Bay Lide pa w sou 12 Prensip Bwa Kayiman...







Have your say... Partagez votre pensée... Pataje komantè ou...